Deklarasyon konsènan Konfidansyalite Sitwèb la
Rasanble ak itilizasyon enfòmasyon pèsonèl
Byenveni nan sitwèb Aetna yo. Nou apresye enterè nan nou. Lè ou ale sou sitwèb yo ak lè w ap fè rechèch ladan yo epitou lè w ap kominike avèk nou nan sitwèb nou yo, nou p ap pran enfòmasyon pèsonèl sou ou sof si ou ban nou enfòmasyon yo avèk volonte ou. N ap itilize nenpòt enfòmasyon pèsonèl ki pa piblik ou ka bay nan sitwèb nou yo pou rezon ki endike nan paj kote nou te pran yo. (Nan kèk ka, epitou nan tout ka kote lalwa oswa règleman fè nou egzijans, n ap kapab modifye enfòmasyon ou ban nou yo swa lè nou voye yon imèl ba ou oswa, kote ou te kreye pwofil pèsonèl ou avèk nou, lè nou modifye pwofil ou sou entènèt. Tanpri gade sèten paj kote nou rasanble done yo pou jwenn plis enfòmasyon.)
Aetna p ap ni vann, ni bay lisans, ni transmèt ni divilge enfòmasyon sa yo deyò Aetna ak konpayi filyal li yo sof si (a) ou ban nou otorizasyon fòmèl, (b) ki nesesè pou pèmèt antreprenè oswa ajan Aetna yo pou fè sèten fonksyon pou nou, oswa (c) lalwa bay otorizasyon oswa pèmisyon pou sa. Nan tout ka yo, n ap divilge enfòmasyon ki annamoni avèk lwa ak règleman ki anvigè yo, epitou n ap egzije moun k ap resevwa yo pou yo pwoteje enfòmasyon yo epitou pou itilize enfòmasyon yo sèlman pou rezon yo te resevwa enfòmasyon yo.
Lè nou di "enfòmasyon pèsonèl," nou vle di done ki inik pou yon moun, tankou yon non, yon adrès, yon nimewo Sekirite Sosyal, yon adrès imèl, oswa yon nimewo telefòn. Tanzantan, nou ka mande enfòmasyon pèsonèl sou ou nan sitwèb nou yo pou nou kapab bay materyèl yo mande yo pou ou, pou reponn kesyon ou yo, oswa pou ba ou yon pwodui oswa yon sèvis.
Imèl ou
N ap kontan resevwa kòmantè oswa kesyon ou sou sitwèb nou yo epitou nou te ba ou bwat kourye elektwonik pou rezon sa a. N ap divilge kòmantè ak kesyon ou yo ba reprezantan sèvis kliyantèl nou ak anplwaye ki pi kapab reponn kesyon ou yo ak rezoud pwoblèm ou yo.
Tanpri sonje lòt itilizatè Entènèt ka jwenn epi wè imèl ou, tankou pifò kominikasyon, si se pa tout, nan imèl ki pa pwoteje sou Entènèt, san ou pa konnen epitou san ou pa bay pèmisyon, pandan yo nan tranzit nan sitwèb nou an. Pou rezon sa a, pou pwoteje konfidansyalite enfòmasyon ou, tanpri pa itilize imèl pou ban nou enfòmasyon nou konsidere konfidansyèl. Si ou vle, ou ka kontakte nou pito nan telefòn ki pa selilè nan nimewo nou ba ou nan anpil kote sou sitwèb nou yo oswa, si ou se manm plan sante nou, ou ka kontakte manm sèvis la gratis nan nimewo ki parèt sou kat ID ou.
Gen kèk kote sou sitwèb Aetna nou mete dispozisyon espesyal pou yon anviwònman ki pi pwoteje kote nou kapab ba ou enfòmasyon yo. Nan chak kote sa yo, n ap ba ou enstriksyon ki apwopriye.
Lòt enfòmasyon; "Kouki" ak "Baliz"
Ou ta dwe konnen lè ou ale sou sitwèb nou yo, nou pran sèten enfòmasyon ki pa idantifye ou pèsonèlman, men ki ban nou "done itilizasyon," tankou kantite vizitè nou resevwa oswa ki paj yo vizite pi souvan. Done sa yo ede nou analize ak amelyore itilite enfòmasyon nou bay nan sitwèb sa yo.
Tankou pifò pwopriyetè sitwèb komèsyal, nou ka itilize sa yo rele teknoloji "kouki". Yon "kouki" se yon eleman done yon sitwèb kapab voye nan navigatè sitwèb ou lè ou konekte nan sitwèb la. Li pa yon pwogram enfòmatik epitou li pa gen mwayen pou li done ki nan òdinatè ou oswa pou bay òdinatè ou enstriksyon pou fè nenpòt etap oswa fonksyon. Lè nou afekte yon eleman inik done pou chak vizitè, sitwèb la kapab rekonèt itilizatè ki retounen souvan yo, swiv abitid itilizasyon an epi pi byen sèvi ou lè ou retounen nan sitwèb la. Kouki a pa retire lòt enfòmasyon pèsonèl sou ou, tankou non ou oswa adrès ou.
Nou ka itilize sa yo rele "balizaj paj kote kliyan", ki itilize kòd sou chak paj pou ekri sèten enfòmasyon sou paj la ak vizitè a nan yon jounal lè navigatè sitwèb ou kite paj la. Yo itilize teknik sa a souvan sou sitwèb komèsyal yo. "Balizaj" pa lakòz pwogram JavaScript fonksyone nan òdinatè ou, men li limite pou bay enfòmasyon sou paj ou mande a ak konfigirasyon navigatè sitwèb ou. Li p ap li okenn nan fichye done ou yo, oswa li p ap egzekite okenn pwogram siplemantè. Li pa retire lòt enfòmasyon pèsonèl sou ou, tankou non ou oswa adrès ou. Ou kapab anpeche balizaj la. Pou fè sa, ou ka dezaktive JavaScript nan navigatè sitwèb ou, men sa ka anpeche ou itilize tout fonksyon sitwèb nou yo.
Koneksyon nan lòt sitwèb yo
Tanzantan, sitwèb Aetna yo ka bay lyen k ap mennen ou nan kèk lòt sitwèb Aetna pa ni posede ni kontwole, nou panse ki ka itil ou oswa ki ka enterese ou. Men, nou pa kapab responsab pou pratik pwoteksyon enfòmasyon prive pwopriyetè lòt sitwèb la itilize oswa pou kontni oswa presizyon lòt sitwèb sa yo. Lyen ki mennen nan anpil sitwèb ki pa pou Aetna pa reprezante oswa pa vle di Aetna apwouve sitwèb sa yo, nenpòt pwodui oswa sèvis ki dekri sou sitwèb sa yo, oswa nenpòt lòt materyèl ki endike ladan yo.
Sekirite
Aetna adopte epi respekte kritè sekirite ki la pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ki pa piblik sou sitwèb aetna.com kont aksè oswa divilgasyon pa erè oswa san otorizasyon. Pami sekirite Aetna te devlope pou sitwèb sa a se baryè administratif, baryè fizik ak baryè teknik ki fòme ansanm yon baryè sekirite toutotou enfòmasyon nou konsève nan sitwèb sa a. Nou depannde sitwèb nou souvan pou fè tès pou detekte si gen prezans itilizatè san otorizasyon epitou nou kreye plan sekou jeneral pou katastwòf.
Chanjman nan deklarasyon sa a
Aetna ka chanje Deklarasyon sa a tanzantan; lè nou fè modifikasyon yo, m ap chanje dat vèsyon Règleman sou Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive (ki anba Règleman sa a) pou montre te gen yon revizyon ki te fèt. Nou ankouraje ou pou re-li Règleman sa a souvan pou wè si gen nenpòt chanjman ki ka afekte ou. Deklarasyon sa a pa la pou kreye oswa li pa kreye okenn dwa pou kontra oswa lòt dwa legal nan oswa sou non nenpòt moun ki konsène.