Nouvèl & Avi

Medicaid Provider Message

Help ensure your patients don't lose their coverage

Avi ak Ankèt sou EVV Depatman Sante Eta New York la

Apèsi sou EVV a ak Pwochen Etap yo

Tout pwofesyonèl swen sante ki bay swen pèsonèl ak sèvis sante adomisil yo, tanpri, pran kèk minit pou reponn ankèt sa a pou nou ka konprann ki kote w ye avèk EVV a.

Apatide 1ye janvye 2018, Aetna Better Health of New York FIDA pap patisipe nan pwogram FIDA a ankò.

Patisipan Aetna Better Health of New York yo pral gen aksè ak benefis ki kouvri yo jiska 31 desanm 2017, oswa jiska dat dezenskripsyon yo, si li rive anvan. Pou plis enfòmasyon sou pwogram FIDA a, ou ka rele New York State Medicaid Choice (Chwa Medicaid Eta New York) la sou 1-855-600-3432 (TTY 1-888-329-1541). Pwofesyonèl swen sante yo dwe kontinye faktire pou sèvis ki kouvri ke yo founi pandan dat sèvis elijib yo.

Mizajou sou Vèsman Rekouvreman an

Aktyèlman, si gen yon reklamasyon ki te ajiste epi ki vin fè gen yon balans negatif (pandan plis pase 30 jou), nou voye yon lèt rekouvreman yon fwa chak mwa nan kourye. Lèt sa a bay detay reklamasyon ki kreye balans negatif la, ansanm ak tout reklamasyon konpansatwa yo, avèk avi rekouvreman mansyèl la. Rezime avi rekouvreman an endike montan ranbouseman n ap mande a.

Apati 1ye novanm 2020, lèt ak detay reklamasyon sa yo disponib pou pwofesyonèl swen sante yo analize 24/24, 7/7 atravè Pòtay Pwofesyonèl Swen Sante nou an. N ap kontinye voye detay reklamasyon an nan kourye pandan anviwon 6 mwa epi apresa n ap distribiye l atravè pòtay pwofesyonèl swen sante a.