Reklamasyon yo
Fakti pou pwofesyonèl ki bay Swen Adomisil ak Swen Sosyal Lajounen
Pwofesyonèl ki bay swen Adomisil ak Swen Sosyal Lajounen nan rezo Aetna Better Health of New York ap oblije soumèt tout reklamasyon nan UB 04. Si yon pwofesyonèl ki nan rezo a pa soumèt reklamasyon an kòmsadwa, reklamasyon an ka gen reta oswa yo ka rejete l.
Apatide 1ye jen 2015 - Pwofesyonèl ki bay Swen Adomisil
Apatide 1ye jiyè 2015 - Swen Sosyal Lajounen
Yo kreye yon gid referans pou fè fakti ki pou ede pwofesyonèl ki bay Swen Adomisil ak Swen Sosyal Lajounen, k ap afekte poutèt chanjman yo fè sou fason pou fè fakti sou fòm UB-92 oswa CMS-1500.
Sonje- Soumèt Reklamasyon ou Ranpli yo Atan
Konfòmeman ak obligasyon kontraktyèl yo, nou fèt pou n resevwa atan reklamasyon pou sèvis yo bay yon moun ki enskri. Limit nou bay pou soumèt reklamasyon an se:
Nouvo Reklamasyon -Soumèt reklamasyon MLTC yo sou 120 jou apatide dat sèvis la. Aetna Better Health ap konsidere ranbouse yon reklamasyon si sèlman yo refè fakti a konplètman.
Resoumèt Reklamasyon- Pwofesyonèl ki bay swen MLTC gen 180 jou apatide dat fakti peman an pou resoumèt yon reklamasyon. Pwofesyonèl ki bay swen yo fèt pou di kisa y ap mande, non manm lan, dat nesans li, nimewo idantifikasyon manm lan, dat sèvis/admisyon an, kote yo fè tretman an, sèvis oswa pwosedi a, dokiman ki sipòte demann lan, kopi reklamasyon an, ak yon kopi ki montre yo te rejete peman an oswa ke yo pat peye l kòrèkteman. Metsouli, pwofesyonèl ki bay swen an fèt pou l mete yon so oswa ekri youn nan mesaj suivan yo sou reklamasyon an si l ap resoumèt yon reklamasyon sou papye: Resubmission Rebill Corrected bil Corrected Rebilling (Resoumèt Refaktire fakti Korije Refaktirasyon Korije)
Pou fè soumisyon elektwonik ankò, pwofesyonèl swen sante yo dwe soumèt yon kòd frekans 7 oswa 8. Nou pap peye reklamasyon avèk yon kòd frekans 5. Pwofesyonèl swen sante yo ka soumèt reklamasyon yo ankò sou fòm kopi enprime dirèkteman bay Aetna Better Health atravè kourye nan adrès sa a:
Aetna Better Health of New York
PO Box 982972
El Paso, TX 79998-2972
Si nou pa resevwa reklamasyon an nan peryòd nou mande soumèt li, sa ka retade peman an oswa nou ka rejte l.
Pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a k ap founi sèvis ki otorize davans swiv menm direktiv deklarasyon atan ak direktiv orijinal Medicaid yo.
Si w bezwen yo ede w, tanpri rele Relasyon Pwofesyonèl Swen Sante nan 1-855-456-9126.