Jesyon Swen Sante
Depatman jesyon swen sante ou gen ladan pwofesyonèl klinik ki lisansye (enfimyè, travayè sosyal ak konseye) ak pwofesyonèl swen sante ki pa klinik pou evalye epi bay entèvansyon pou manm yo dapre risk ki idantifye ak bezwen ki pa satisfè. Nan Aetna Better Health nou itilize yon modèl byo-siko-sosyal (BPS) pou idantifye bezwen manm yo epi pou ede yo nan swen sante yo. Nou satisfè bezwen sante konpòtmantal ak bezwen sante fizik manm nou yo ak konpleksite siko-sosyal yo tou.
Pou kòmanse, yon responsab dosye jeneral ap fè yon evalyasyon risk pou detèmine sitiyasyon medikal, konpòtmantal ak siko-sosyal manm lan. Responsab dosye yo kolabore avèk manm lan, fanmi manm lan, PCP, sikyat, konseye pou abi alkòl/dwòg, ak nenpòt lòt manm ekip swen sante pou reyalize yon plan sante ki konsantre sou kalite epitou ki rantab. Objektif jesyon dosye a se pou edike manm yo sou sèten maladi yo genyen epi pou evite yo gen maladi oswa konplikasyon pandan y ap antreteni oswa amelyore eta sante yo.