Tchèk sou kalite
Nap kolabore pou n asire bon kalite swen
Evalyasyon kalite ak amelyorasyon pèfòmans
New York State Department of Health egzije pou Aetna Better Health of New York gen pwogram konstan sou evalyayson kalite ak amelyorasyon pèfòmans ki evalye kalite swen medikal e ki ajiste pwosesis ak operasyon pou amelyore kalite swen yo bay manm ak patisipan.
Aetna Better Health of New York travay ansanm ak pwofesyonèl swen sante yo pou kontinye amelyore swen yo bay manm ak patisipan nou yo.
Pwogram Evalyasyon sou Kalite ak Amelyorasyon Pèfòmansy nou an(QAPI) te etabli pou l amelyore kalite swen sante, epi pwomote itilizasyon resous medikal yo ak rezilta sante pozitif pou manm ak patisipan yo nan yon fason ki apwopriye, epi ki efikas nan pri. Nou fokis nan amelyore aspè byolojik, sikolojik ak byennèt sosyal manm ak patisipan nou yo.
Atravè depatman Jesyon Kalite nou an (Quality Management (QM)), nou rekeyi done enpòtan, nou idantifye sous pwoblèm yo, nou devlope plizyè solisyon apwopriye, epi nou kreye plan pou n bay pi bon swen sante. Amelyorasyon sa yo ka fèt swa onivo endividyèl oswa nan tout sistèm nan.
Ekspètiz nan jerans kalite
Depatman QM nou an travay an kolaborasyon ak founisè nou yo pou amelyore kontinyèlman swen n ap bay manm ak patisipan nou yo. Sa enkli domèn sa yo:
- Kalite inite revi swen an ap siveye kalite swen ke rezo a ap bay, ansanm ak revizyon ak rezolisyon pwoblèm ki gen relasyon ak kalite sèvis swen sante ke yo bay manm ak patisipan yo.
- Inite sou prevansyon ak byennèt sosyal la reposab pou aktivite amelyorasyon kalite ak etid klinik pandan l ap itilize done li kolekte nan men founisè yo ak rankont li fè yo tou.
- Inite akreditasyon an responsab pou fè aktivite pou akredite founisè yo
- Inite pou bezwen espesyal sa a responsab kòdinasyon ak liyezon ant sèvis sante konpòtman pou swen kritik.
Responsablite depatman sa a se devlope direktiv ak règleman ki gen rapò ak jesyon kalite a. Lè sa posib, nou adopte metòd direktiv ki soti nan òganizasyon nasyonal ki repite pou ekspètiz yo nan domèn konsène a. Pou ka revize direktiv sa yo, gade tiliv pwofesyonèl swen sante a.