Relasyon avèk Pwofesyonèl Swen Sante
Aetna Better Health of New York administre benefis pou manm ki nan Swen Kontwole Alontèm nan Brooklyn, Manhattan, Queens, Nassau ak Suffolk.
Lè ou antre nan rezo nou an, ou ede nou sèvi manm nou yo lè ou bay yo bon kalite swen sante. Paske nou apresye patisipasyon ou, nou vle asire ou jwenn tout enfòmasyon ou bezwen yo. Si ou gen nenpòt kesyon sou Aetna Better Health, tanpri rele depatman Sèvis Pwofesyonèl Swen Sante nou.
Pou ka pale ak depatman Relasyon Pwofesyonèl Swen Sante a oswa si w bezwen plis enfòmasyon, tanpri rele 1-855-456-9126.