Otorizasyon Davans

Fason pou jwenn otorizasyon davans

Antanke founisè swen sante Aetna Better Health of New York, ou ka bezwen preskri yon terapi ki nesesè pou yon manm. Pami sèvis sa yo, genyen ki egzije otorizasyon davans.

Gen yon lis ajou ki gen sèvis ki egzije otorizasyon davans ki disponib nan pòtay sitwèb sekirize a. Si w gen kesyon konsènan kisa ki kouvri, gade nan Manyèl Pwofesyonèl Swen Sante a oswa rele 1-855-456-9126. Pa bliye, otorizasyon davans la pa yon garanti peman... Nou pap ranbouse sèvis ki pat resevwa otorizasyon.

Kounye a, pwofesyonèl swen sante k ap patisipe yo ka verifye kòd ki nesesite otorizasyon davans atravè Zouti Otorizasyon Davans Sou Entènèt nou an.