Konpetans Kiltirèl
Konpetans kiltirèl se kapasite moun genyen, jan li reflete nan fason yo reponn onivo pèsonèl ak onivo òganizasyon, pou konprann karakteristik sosyal, lengwistik, moral, entelektyèl ak konpòtman yon kominote oswa yon popilasyon, epi transmèt konpreyansyon sa a sistematikman pou amelyore efikasite swen sante yo bay divès popilasyon.
Manm yo fèt pou resevwa tout sèvis plan an kouvri san nou pa gade sou ras, orijin etnik, orijin nasyonal, relijyon, sèks, laj, andikap mantal oswa fizik, oryantasyon seksyèl, enfòmasyon jenetik oswa istwa medikal, kapasite pou l peye oswa kapasite l pou l pale angle. Aetna Better Health atann li aske pwofesyonèl swen sante l yo trete tout manm yo ak diyite e respè jan lalwa federal egzije, ki vle di respekte kwayans manm lan, respekte divèsite kiltirèl, ankouraje respè pou orijin kiltirèl manm lan. Atik VI Lwa sou Dwa Sivil 1964 entèdi diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, ak orijin nasyonal nan pwogram ak aktivite ki resevwa asistans finansyè federal, tankou Medicaid.
Aetna Better Health devlope plizyè pwogram edikasyon pou ankouraje founisè swen sante yo respekte divèsite, ankouraje mwayen pou fasilite kominikasyon anndan diferan gwoup kilitrèl ak esplike relasyon ki ekziste ant konpetans kiltirèl ak rezilta medikal. Pwogram sa yo bay enfòmasyon sou divès orijin manm nou yo, sou diferan pwoblèm kiltirèl, rasyal ak lengwistik manm yo ap konfwonte, e nou devlope ak enplemante plizyè metòd pou adrese pwoblèm sa yo.
Pwofesyonèl swen sante yo resevwa fòmasyon sou sijè enpòtan sa yo, tankou:
- Retisans ki anpeche sèten kilti pale sou pwoblèm mantal, ak nesesite pou vreman ankouraje manm ki nan gwoup kiltirèl sa yo ale pran tretman.
- Enpak kwayans kiltirèl ak kwayans relijyon ka gen sou rezilta medikal (paregzanp, kwayans nan pratik gerizon ki pa tradisyonèl).
- Pwoblèm inyorans nan domèn medikal ak nesesite pou bay pasyan enfòmasyon medikal nan yon fason yo ka konprann (kom paregazanp prezante chema ki senp, kominike nan lang yo, elatriye).
- Istwa mouvman ki fè yo te kreye dwa pou moun andikape ak pwogresyon dwa sivil moun ki andikape.
- Baryè fizik ak pwogramatik ki te gen yon enpak sou moun ki andikape ki te bezwen jwenn swen sante enpòtan.
Resous sou konpetans kiltirèl anplis pou pwofesyonèl swen sante yo disponib nan U.S. Department of Health and Human Services’ Health Resources and Services Administration (HRSA).