Anons Pratik Konfidansyalite
Avi sa a dekri fason nou ka itilize ak divilge enfòmasyon medikal ou ak fason ou kapab gen aksè nan enfòmasyon sa yo. Tanpri revize avi a avèk anpil atansyon.
Avi sa a anvigè depi dat 2 septanm 2013.
Kisa nou vle di lè nou itilize mo “enfòmasyon sou sante”
Nou itilize mo “enfòmasyon sou sante” lè nou vle di enfòmasyon ki idantifye ou. Men kèk egzanp:
- Non ou
- Dat ou fèt
- Swen sante ou te resevwa
- Kantite lajan ou peye pou swen sante ou
Fason nou itilize ak divilge enfòmasyon sou sante ou
-
Ede pran swen ou:
-
Nou ka itilize enfòmasyon sou sante ou pou ede ou avèk swen sante ou. N ap itilize enfòmasyon yo tou pou deside ki sèvis avantaj ou yo garanti. Nou ka fè ou konnen sèvis ou kapab resevwa yo. Sa kapab tchekòp oswa tès medikal. Nou ka fè ou sonje randevou yo tou. Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou ba lòt moun k ap ba ou swen sante. Moun sa a kapab se doktè oswa famasi. Si ou pa avèk plan nou an ankò, pa gen pwoblèm, n ap bay enfòmasyon sou sante ou ba nouvo doktè ou.
-
Fanmi ak zanmi:
-
Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou ba yon moun k ap ede ou. Moun sa a ka ede ou avèk swen sante ou oswa li ka ede ou peye pou swen sante ou. Pa egzanp, si ou fè yon aksidan, nou ka bezwen pale avèk youn nan moun sa yo. Si ou pa vle nou bay enfòmasyon sou sante ou, rele nou.
Si ou poko gen laj dizwitan epi ou pa vle nou bay paran ou enfòmasyon sou sante ou. Rele nou. Nou kapab ede ou nan kèk ka si lwa leta ban nou otorizasyon.
-
Pou peman:
-
Nou ka bay enfòmasyon sou sante ou ba lòt moun ki ede peye pou swen sante ou. Doktè ou dwe ban nou yon fòm reklamasyon ki gen enfòmasyon sou sante ou ladan. Nou ka itilize enfòmasyon sou sante ou pou analize swen sante doktè ou ba ou. Nou kapab tcheke fason ou itilize sèvis sante a.
-
Operasyon swen sante:
-
Nou ka itilize enfòmasyon sou sante ou pou ede nou fè djòb nou. Pa egzanp, nou ka itilize enfòmasyon sou sante ou pou:
- Pwomosyon sante
- Jesyon dosye
- Amelyorasyon kalite
- Prevansyon fwod
- Prevansyon maladi
- Zafè Legal
Yon responsab dosye ka travay avèk doktè ou. Li ka ba ou enfòmasyon sou pwogram yo oswa kote ki kapab ede ou avèk pwoblèm sante ou. Lè ou rele nou pou kesyon ou yo, nou bezwen analize enfòmasyon sou sante ou pou ba ou repons yo.
Fason nou divilge enfòmasyon yo ba lòt biznis
Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou ba lòt biznis. Nou fè sa pou rezon nou te eksplike anwo a. Pa egzanp, ou ka gen sèvis transpò ki garanti nan plan ou. Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou ba ou yo pou ede ou ale nan klinik doktè. N ap fè yo konnen si ou nan chèz-woulant ki fonksyone avèk motè yon fason pou yo kapab voye yon kamyonèt alaplas yon vwati pou vin chèche ou.
-
Lòt rezon ki fè nou ta ka divilge enfòmasyon sou sante ou
-
Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou pou rezon sa yo tou:
- Sekirite piblik – Pou ede avèk bagay tankou abi sou timoun. Menas pou sante piblik.
- Rechèch – Pou chèchè yo. Apre sa, n ap pran prekosyon pou pwoteje enfòmasyon ou yo.
- Patnè biznis –Ba moun ki bay sèvis pou nou. Yo pwomèt pou kenbe enfòmasyon ou yo pwoteje.
- Règleman endistri – Pou ajans leta ak ajans federal. Yo tcheke nou pou asire n ap fè yon bon djòb.
- Lapolis – Pou ajan lapolis federal, leta ak lokal.
- Aksyon legal –Ba tribinal pou yon pwosè oswa yon zafè legal.
-
Rezon ki fè n ap bezwen apwobasyon ou alekri
-
Sof pou sa nou te eksplike anwo a, n ap mande ou apwobasyon ou anvan nou itilize oswa divilge enfòmasyon sou sante ou. Pa egzanp, n ap jwenn apwobasyon ou:
- Pou rezon maketing ki pa gen anyen pou wè avèk plan sante ou.
- Anvan nou divilge nenpòt nòt siko-terapi.
- Pou lavant enfòmasyon sou sante ou.
- Pou lòt rezon jan lalwa egzije sa.
Ou kapab anile apwobasyon ou nenpòt lè. Pou anile apwobasyon ou, ekri nou. Nou pa kapab ni itilize ni divilge enfòmasyon jenetik ou lè n ap pran desizyon pou ba ou asirans pou swen sante.
-
Ki dwa ou genyen
-
Ou gen dwa pou gade enfòmasyon sou sante ou.
- Ou kapab mande nou yon kopi ladan.
- Ou kapab mande dosye medikal nou yo. Rele klinik doktè ou oswa kote ou te resevwa tretman an.
Ou gen dwa pou mande nou pou chanje enfòmasyon sou sante ou.
- Ou kapab mande nou pou chanje enfòmasyon sou sante ou si ou panse enfòmasyon yo pa kòrèk.
- Si nou pa dakò avèk chanjman ou te mande a. Mande nou pou klase yon deklarasyon dezakò alekri.
Ou gen dwa pou resevwa yon lis moun oswa gwoup moun nou te divilge enfòmasyon sou sante ou ba yo.
Ou gen dwa pou mande yon fason prive pou nou pran kontak avèk ou.
- Si ou panse fason nou kenbe kontak avèk ou pa prive ase, rele nou.
- N ap fè tout sa nou kapab pou kenbe kontak avèk ou nan yon fason ki pi prive.
Ou gen dwa pou mande swen espesyal nan fason nou itilize oswa divilge enfòmasyon sou sante ou.
- Nou ka itilize oswa divilge enfòmasyon sou sante ou nan fason nou dekri nan avi sa a.
- Ou kapab mande nou pou nou pa ni itilize ni divilge enfòmasyon ou yo nan fason sa yo. Sa gen ladan divilgasyon ba moun ki patisipe nan swen sante ou.
- Nou pa gen obligasyon pou dakò. Men, n ap reflechi sou sa avèk anpil atansyon.
Ou gen dwa pou konnen si nou te divilge enfòmasyon sou sante ou san apwobasyon ou.
- N ap voye yon lèt ba ou pou fè ou konnen si nou fè sa.
Rele nou gratis nan nimewo 1-855-456-9126 pou:
- Mande nou pou fè nenpòt nan bagay ki endike anwo a.
- Mande nou yon kopi avi sa a sou papye.
- Poze nou kesyon sou avi a.
Ou gen dwa tou pou voye yon plent ban nou. Si ou panse nou te vyole dwa, ekri nou nan adrès:
Aetna Better Health of New York
55 West 125th Street, Suite 1300
New York, NY 10027Ou kapab fè yon plent tou nan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (Department of Health and Human Services), Biwo Dwa Sivil (Office of Civil Rights). Rele nou pou jwenn adrès la.
Si ou pa kontan epi ou fè Biwo Dwa Sivil (Office of Civil Rights) konnen sa, ou p ap sispann manm nan plan nou oswa ou p ap pèdi sèvis swen sante ou. Nou p ap itilize plent ou kont ou.
-
Fason nou pwoteje enfòmasyon ou yo
-
Nou pwoteje enfòmasyon sou sante ou avèk metòd espesyal. Pa egzanp, nou pwoteje fason moun antre nan òdinatè ak bilding nou yo. Sa ede nou bloke antre ki pa otorize. Nou swiv tout lwa leta ak lwa federal pou pwoteksyon enfòmasyon sou sante ou.
-
Èske n ap chanje avi sa a?
-
Dapre lalwa, nou dwe kenbe enfòmasyon sou sante ou yo prive. Nou dwe swiv sa nou di nan avi sa a. Nou gen dwa tou pou nou chanje avi sa a. Si nou chanje avi sa a, n ap chanje tout enfòmasyon nou genyen kounye a yo ak enfòmasyon n ap genyen alavni yo. Ou ka jwenn kopi avi ki pi resan an sou sit entènèt nou an.