FAQs (Kesyon Moun Poze Souvan)

Rele Sèvis pou Manm nan sou 1-855-456-9126, NY Relay 711.

Yon Pwofesyonèl Sante Premye Swen [Primary Care Provider (PCP)] se yon doktè, yon enfimyè oswa klinik ki nan rezo Aetna Better Health epi ki ba ou swen sante prensipal.

Yon Pwofesyonèl Sante Premye Swen [Primary Care Provider (PCP)] kapab ba ou referans pou wè yon espesyalis ki nan rezo Aetna Better Health.

Rele Pwofesyonèl Sante Premye Swen [Primary Care Provider (PCP)] ou anvan. PCP ap ba ou konsèy sou sa pou fè.

Nan yon vrè ijans, rele 911 oswa ale nan ER (saldijans) ki pi pre ou. Swen pou ijans se sèlman pou lè ou kwè sante ou nan danje serye. Men kèk egzanp sitiyasyon ijans:

  • Doulè grav
  • Chòk grav
  • Maladi toudenkou
  • Maladi k ap vin grav pi vit
  • Gwo senyman ki pa sispann, sitou si ou ansent

Wi. W ap resevwa yon kat ID Aetna Better Health pa lapòs. Kat la ap enprime avèk non ou, nimewo ID ou ak non Doktè Premye Swen [Primary Care Provider (PCP)] ou ak nimewo telefòn ou.

Rele Sèvis pou Manm nan sou 1-855-456-9126 , NY Relay 711.

Sèvis estabilizasyon apre pwoblèm sante se sèvis ki pa sèvis medikal dijans. Aetna Better Health bay sèvis sa yo apre sèten ijans medikal. Sèvis yo ap ede estabilize, amelyore oswa rezoud pwoblèm ou an.
Nou kouvri sèvis sa yo nan rezo ak andeyò rezo. Ou pa bezwen otorizasyon davans pou sa.