Pwosesis Renouvèlman NYS Medicaid

Moman an Rive pou Renouvle Pwoteksyon New York State Medicaid Ou a

Kijan Pou Renouvle Pwoteksyon W

Nou vle rann pwosesis renouvèlman an pi fasil ki posib pou w pa pèdi okenn nan benefis sante w yo. Selon kote w rete, swiv etap ki anba la yo.

Ou ta dwe resevwa dokiman renouvèlman w yo nan kourye w k ap soti dirèkteman nan Administrasyon Resous Imen Vil New York (New York City Human Resources Administration, NYC HRA) la. L ap vini ak yon anvlòp tenbre ki gen adrès yo sou li. Plan nou an ka ede w renouvle Pwoteksyon Medicaid ou a.  Lè w ap itilize youn nan metòd ki anba la yo, w ap vle genyen:

  • Prèv tout tip revni (sekirite sosyal, retrèt, envalidite, dedomajman travayè, eksetera).
  • Relve bankè mwa aktyèl la pou tout kont ou yo (SÈLMAN SI SA APLIKAB)
  • Prèv depans pou Asirans Medikal Siplemantè (SÈLMAN SI SA APLIKAB)
  • Verifikasyon Depo Sosyete Fidisi Revni Komen (SÈLMAN SI SA APLIKAB)

METÒD:

NAN TELEFÒN: Rele liy telefonik Sèvis pou Manm nou an sou 855-456-9126 epi mande pou yo konekte w ak Depatman Renouvèlman Sètifikasyon Medicaid nou an. Espesyalis Renouvèlman Sètifikasyon Medicaid la ap ka ede w ranpli fòmilè w yo epi soumèt yo dirèkteman sou entènèt bay NYC HRA atravè yon Pòtay Wèb sekirize.

Nan Kourye: Rele liy telefonik Sèvis pou Manm nou an sou 855-456-9126  epi mande asistans. Plan nou an ka analize aplikasyon an avè w epi ba w tout direktiv ou ka bezwen. Li konseye pou w voye fòm nan bay plan nou an pou l soumèt li dirèkteman bay Medicaid atravè aksè sou pòtay sou entènèt nou an. Sinon, ou ka poste fòmilè ki ranpli a bay NYC HRA  nan anvlòp yo te ba w la.

Anpèsòn: Antanke benefisyè Sèvis Swen Alontèm Jere, tout Dosye Medicaid yo egzamine nan:

Brooklyn South*:

785 Atlantic Ave.

1st Floor

Brooklyn, NY 11238

Telefòn: 929-221-3502

Lendi – Vandredi 9:00am rive 5:00pm

*Si w ale anpèsòn, asire w ou resevwa yon prèv soumisyon w nan k ap yon notifikasyon ki gen so oswa yon kopi pakè w la ki gen so.

Lis lokalizasyon yo

Ou ta dwe resevwa dokiman renouvèlman w yo nan kourye w k ap soti dirèkteman nan Depatman Sèvis Sosyal Konte Nassau a. Plan nou an ka ede w renouvle Pwoteksyon Medicaid ou a atravè plizyè opsyon.  Lè w ap itilize youn nan metòd ki anba la yo, w ap vle genyen:

  • Prèv tout tip revni (sekirite sosyal, retrèt, envalidite, dedomajman travayè, eksetera).
  • Relve bankè mwa aktyèl la pou tout kont ou yo (SÈLMAN SI SA APLIKAB)
  • Prèv depans pou Asirans Medikal Siplemantè (SÈLMAN SI SA APLIKAB)
  • Verifikasyon Depo Sosyete Fidisi Revni Komen (SÈLMAN SI SA APLIKAB)

METÒD:

Nan Kourye: Rele Liy Telefonik Sèvis pou Manm nou an sou 855-456-9126 mande pou yo konekte w avèk Depatman Renouvèlman Sètifikasyon Medicaid nou an. Plan nou an ka analize dokiman Renouvèlman yo epi bay tout direktiv ki nesesè. Poste tout dokiman yo bay:

Nassau County Department of Social Services

60 Charles Lindbergh Blvd.

Uniondale, NY 11553-3656

*Si posib, kenbe yon kopi pou dosye pa w

Anpèsòn: Rele Liy Telefonik Sèvis pou Manm nou an sou 855-456-9126 mande pou yo konekte w avèk Depatman Renouvèlman Sètifikasyon Medicaid nou an. Plan nou an ka analize dokiman Renouvèlman yo epi bay tout direktiv ki nesesè. Pote pakè konplè a avèk dokiman jistifikatif yo bay:

Nassau County Department of Social Services

60 Charles Lindbergh Blvd.

 Uniondale, NY 11553-3656

https://www.nassaucountyny.gov/1923/Medicaid

*Asire w ou mande yon kopi pakè a ki gen so kòm prèv soumisyon

Ou ta dwe resevwa dokiman renouvèlman w yo nan kourye w k ap soti dirèkteman nan Depatman Sèvis Sosyal Konte Suffolk la. Plan nou an ka ede w renouvle Pwoteksyon Medicaid ou a atravè plizyè opsyon.  Lè w ap itilize youn nan metòd ki anba la yo, w ap vle genyen:

  • Prèv tout tip revni (sekirite sosyal, retrèt, envalidite, dedomajman travayè, eksetera).
  • Relve bankè mwa aktyèl la pou tout kont ou yo
  • Prèv depans pou Asirans Medikal Siplemantè (SÈLMAN SI SA APLIKAB)
  • Verifikasyon Depo Sosyete Fidisi Revni Komen (SÈLMAN SI SA APLIKAB)

METÒD:

Nan Kourye: Rele Liy Telefonik Sèvis pou Manm nou an sou 855-456-9126 pou mande asistans. Depatman Renouvèlman Sètifikasyon Medicaid nou an ka analize dokiman Renouvèlman yo epi bay tout direktiv ki nesesè. Poste tout dokiman yo bay:

Suffolk County DSS, Western Suffolk MA Undercare

200 Wireless Blvd.

P.O. Box 18100

Hauppauge, NY 11788

*Si posib, kenbe yon kopi pou dosye pa w

Anpèsòn: Rele Liy Telefonik Sèvis pou Manm nou an sou 855-456-9126 pou mande asistans. Depatman Renouvèlman Sètifikasyon Medicaid nou an ka analize dokiman Renouvèlman yo epi bay tout direktiv ki nesesè. Klike sou lyen ki anba la a pou jwenn sant ou a:

https://www.suffolkcountyny.gov/Departments/Social-Services/Service-Centers

*Asire w ou mande yon kopi pakè a ki gen so kòm prèv soumisyon

Èske w te konnen ke NYS Medicaid ou a dwe renouvle chak ane? Anba la a, w ap jwenn kèk enfòmasyon itil pou gide w nan pwosesis renouvèlman an.

Si w pa renouvle pwoteksyon w nan atan, sa ka antrene ou pèdi:

  • Pwoteksyon swen sante ou a
  • Konfò kote w konnen ou asire
  • Difikilte pou aksede ak sèvis yo

Sonje: Medicaid dwe renouvle chak ane.

TI KONSÈY: Rele plan nou an pou jwenn dat renouvèlman an pou evite pèdi benefis ou yo.

Distri Lokal la pral voye yon fòmilè ba ou anviwon nan menm peryòd nan ane a ak lè ou te fèk aplike pou benefis ou yo. Yo ka voye yon fòmilè ki deja enprime pou ou pou konfime revni w ak resous ou yo.

Si w pa resevwa fòmilè renouvèlman w nan nan kourye, rele Liy Telefonik Sèvis pou Manm Nou an sou 855-456-9126.

  • Mande pale ak Depatman Renouvèlman Sètifikasyon Medicaid la. Plan nou an ka asiste w pou jwenn yon kopi dokiman ki nesesè yo.
  • Pou rezidan NYC yo, ou ka ale tou sou https://a069-access.nyc.gov/accesshra/#/

Kreye yon kont sou entènèt avèk lyen ki anba la a. La a, ou ka enprime kopi fòmilè yo. Tanpri, swiv etap ki nan paj anvan yo. (Ou paka renouvle sou entènèt, ou dwe enprime fòmilè yo.)

Pou rezidan Long Island yo, ou ka rele distri lokal ou a pou mande yon kopi fòmilè yo.

  • Suffolk County Medicaid- (631) 853-8714 oswa (631) 853-8408
  • Nassau County Medicaid- (516) 227-8000