Sèvis Transpò

Nou apwouve sèvis transpò ale-retou pou sèvis ki nesesè pou rezon medikal. Sèvis transpò ki garanti ka gen ladan sèvis transpò nan vwati, mini-otobis oswa anbilans, selon bezwen medikal ou. Tanpri fè nou konnen davans si ou gen yon chèz-woulant, si ou bezwen oksijèn, oswa si ou gen nenpòt lòt bezwen espesyal.

Si w bezwen planifye pou yo ba w sèvis transpò, tanpri rele nou omwen twa jou anvan jou randevou w la nan 1-855-456-9126. Ou ka rele nou Lendi a Vandredi, de 8 a.m, a 5 p.m. Se avèk plezi reprezantan ki responsab jere swen w oswa reprezantan Sèvis Manm lan ap ede w fè aranjman pou yo ba w mwayen transpò.

Si ou gen randevou ou nan yon jou lendi, tanpri sonje pou rele nou vandredi anvan, paske Sèvis Manm pa louvri nan jou wikenn.

Nan jou randevou ou, tanpri sonje sa ki endike anba la a:

  • Pou tout randevou medikal yo, n ap vin chèche ou inèdtan davans. Tanpri abiye ou okonplè epi pare nan lè n ap vin chèche ou.
  • Si li nesesè, yon èd oswa yon manm fanmi kapab akonpaye ou.
  • Chofè a oblije tann ou pandan 10 minit sèlman. Si w pa pare lè chofè a vini, tanpri, rele Sèvis pou Manm nan nan 1-855-456-9126.
  • Kou randevou w la fini, ou ka rele Sèvis pou Manm nan sou 1-855-456-9126 epi n ap fè aranjman pou yon chofè vin chèche w.
  • Chofè yo pa gen pèmisyon pou aksepte poubwa.
  • Chofè a pa gen pèmisyon pou mennen ou okenn kote ki pa lakay ou lè w ap retounen soti nan randevou medikal yo.

Pou sekirite ou, tanpri sonje sa ki endike anba la a:

  • Si li posib, chofè a ap akonpaye ou depi nan pòt klinik doktè a pou rive nan mini-otobis la epi answit nan sant medikal la. L ap fè pwosesis sa a ankò lè ou retounen.
  • Li enpòtan pou senti sekirite ou rete tache toutan pandan ou nan mini-otobis la.
  • Ou entèdi pou chanje plas ou nan mini-otobis la nenpòt lè.

Si gen nenpòt aksidan oswa si w domaje, rele Sèvis Manm lan tousuit pou rapòte l nan 1-855-456-9126.