Dwa ak Responsablite
Manm Aetna Better Health of New York gen dwa. Men lis dwa w yo.
- Ou gen dwa pou yo trete ou avèk respè ak diyite.
- Ou gen dwa pou resevwa swen sante ki nesesè pou rezon medikal.
- Ou gen dwa pou mande pou chanje manadjè swen sante ou.
- Ou gen dwa pou jwenn aksè nan swen sante ak sèvis yo atan.
- Ou gen dwa pou enfòmasyon sou dosye medikal ou ak sou lè ou resevwa tretman rete konfidansyèl.
- Ou gen dwa pou resevwa enfòmasyon sou chwa tretman ki disponib ak lòt kalite tretman ki prezante nan yon mannyè ak lang ou konprann.
- Ou gen dwa pou resevwa enfòmasyon yo nan yon lang ou konprann; ou kapab resevwa sèvis tradisyon aloral gratis.
- Ou gen dwa pou resevwa enfòmasyon ki nesesè pou bay konsantman ou ki baze sou enfòmasyon yo anvan kòmansman tretman an.
- Ou gen dwa pou resevwa yon kopi dosye medikal ou epi pou mande pou nou fè chanjman oswa koreksyon nan dosye yo.
- Ou gen dwa pou patisipe nan desizyon yo sou swen sante ou, ansanm ak dwa pou refize tretman tou.
- Ou gen dwa pou pa jwenn okenn fòm restriksyon oswa izòlman ki itilize kòm yon mwayen presyon, disiplin, avantaj, oswa vanjans.
- Ou gen dwa pou resevwa swen sante san konsiderasyon sèks ou, ras ou, eta sante ou, koulè ou, laj ou, peyi kote ou fèt, preferans seksyèl ou, eta sivil ou oswa relijyon ou.
- Ou gen dwa pou nou fè ou konnen ki kote, kilè ak kijan pou jwenn sèvis ou bezwen nan plan swen sante kontwole alontèm ou, tankou kijan ou kapab resevwa avantaj yo nan klinik pwofesyonèl swen sante ki deyò rezo a si sèvis yo pa disponib nan rezo plan an.
- Ou gen dwa pou pote plent ba Depatman Sante Eta New York (New York State Department of Health) oswa ba Depatman Sèvis Sosyal Lokal (Local Department of Social Services); epitou, dwa pou itilize Sistèm Odyans San Patipri Eta New York ak/oswa yon Kontestasyon Ekstèn Eta New York, kote li apwopriye.
- Ou gen dwa pou chwazi yon moun ki pou pale pou ou konsènan swen sante ou ak tretman ou.
Responsablite Manm yo
Lè ou se yon manm Aetna Better Health, ou gen responsablite pou:
- Aprann epi konprann chak dwa ou genyen anba pwogram Swen Kontwole Alontèm sa a.
- Poze kesyon si ou pa konprann dwa ou.
- Konnen non pwofesyonèl sante premye swen (PCP) ou ak manadjè swen sante ou.
- Konnen swen sante ou ak metòd pou resevwa swen sante.
- Pran sèvis pwofesyonèl swen sante ki travay avèk Aetna Better Health pou sèvis ki garanti yo.
- Resevwa apwobasyon PCP ou, manadjè swen sante ou oswa Ekip jesyon swen sante ou, jan sa obligatwa, anvan ou resevwa sèvis ki garanti a.
- Konnen kilè ou ta dwe ale nan saldijans ak kilè ou pa ta dwe ale nan saldijans.
- Kontakte ekip jesyon swen sante ou nenpòt kilè ou resevwa sèvis nan saldijans, lè ou entène nan lopital, lè ou resevwa nouvo preskripsyon, oswa lè ou resevwa yon referans pou wè yon lòt pwofesyonèl swen sante.
- Trete pwofesyonèl swen sante k ap pran swen ou avèk respè.
- Fè Aetna Better Health konnen bezwen swen sante ou, enkyetid ou, kesyon oswa pwoblèm.
- Bay pwofesyonèl swen sante ou yo tout enfòmasyon ou bezwen.
- Mande plis enfòmasyon si ou pa konprann tretman ou oswa eta sante ou.
- Patisipe nan jesyon swen sante ou depi ou fè pwofesyonèl swen sante ou konnen enkyetid ou ak bezwen swen sante ou.
- Fè Aetna Better Health konnen lè ou pa la oswa lè ou pa nan zòn ou.
- Fè tout peman ki obligatwa yo ba Aetna Better Health.
- Swiv konsèy manadjè swen sante ou oswa pale avèk manadjè swen sante ou si ou pa kapab oswa si ou pa vle swiv plan swen sante a.
- Pwoteje kat ID manm ou epi montre li lè w ap resevwa sèvis la.
- Fè Aetna Better Health konnen nenpòt lòt asirans ou genyen.
- Fè Aetna Better Health konnen si ou aplike pou lòt avantaj swen sante.
- Kontakte Sèvis Manm gratis nan nimewo 1-855-456-9126 touswit si adrès ou oswa nimewo telefòn ou chanje.