Swen dan

Yon dantis se yon kalite pwofesyonèl swen sante ki trete dan ak jansiv ou.

LIBERTY Dental Plan ofri sèvis dantè. Li travay ak plizyè dantis nan katye w la. Ou ka kontakte yo sou (866) 674-0982 (TTY: 1-877-855-8039.) Lendi rive vandredi soti 8 a.m. rive 8 p.m. Oswa ou ka rele Sèvis pou Manm Aetna Better Health la sou 1-855-456-9126.

Liberty Dental Plan| Jwenn yon Dantis

 Pwoteksyon dantè w la gen ladan l:

  • 1 egzamen ak yon netwayaj chak 6 mwa
  • Radyografi Dyagnostik
  • Dantistri Reparasyon (plonbaj)

Lè li nesesè pou rezon medikal:

  • Operasyon nan Bouch
  • Kanal Radikilè (ou bezwen otorizasyon davans)
  • Kouwòn ak Dantye (otorizasyon alavans obligatwa)

Anvan w wè yon espesyalis, w ap bezwen yon referans nan men yon dantis jeneral