Plent, doleyans ak kontestasyon
Aetna Better Health ap eseye tout pi bon mwayen li pou rezoud enkyetid oswa pwoblèm ou imedyatman ki posib epi pou satisfè ou. Men si nou pa fè sa, ou gen aksyon ou kapab fè. Ou ka itilize metòd doleyans nou oswa metòd kontestasyon nou, selon ki kalite pwoblèm ou genyen.
P ap gen chanjman nan sèvis ou yo oswa nan fason anplwaye Aetna Better Health oswa yon pwofesyonèl swen sante ap trete ou paske ou fè yon doleyans oswa yon kontestasyon. N ap kenbe enfòmasyon ou konfidansyèl epi n ap ba ou nenpòt èd ou ka bezwen pou fè yon doleyans oswa yon kontestasyon. Nan èd sa a, w ap jwenn sèvis entèprèt oswa èd si ou gen pwoblèm nan zye oswa pwoblèm nan zòrèy oswa si ou vle jwenn èd siplemantè. Ou ka chwazi yon moun (tankou yon manm fanmi oswa yon zanmi oswa yon pwofesyonèl swen sante) pou pran desizyon pou ou.
Pou ka soumèt yon plent oswa konteste yon plan daksyon, tanpri rele 1-855-456-9126 oswa voye yon lèt bay:
Aetna Better Health of New York
PO Box 81139,
5801 Postal Road
Cleveland, OH 44181
Lè ou kontakte nou, w ap bezwen ban nou non ou, adrès ou, nimewo telefòn ou ak detay pwoblèm nan.
-
Kisa yon doleyans ye?
-
Lè ou fè nou konnen ou pa satisfè avèk swen sante ak tretman ou resevwa a nan men anplwaye nou oswa founisè sèvis ki garanti yo, yo rele sa yon doleyans. Pa egzanp, si yon moun te pale lèd avèk ou oswa si ou pa renmen kalite swen oswa sèvis ou te resevwa a nan men nou, ou kapab fè yon doleyans ban nou.
-
Metòd doleyans lan
-
Ou ka fè yon doleyans aloral oswa alekri ban nou. Moun ki resevwa doleyans ou ap note li, epi anplwaye plan an ap sipèvize revizyon doleyans lan. N ap voye yon lèt ba ou pou fè ou konnen nou te resevwa doleyans ou ak yon deskripsyon metòd revizyon nou. N ap revize doleyans ou epi n ap ba ou yon repons alekri nan youn nan de (2) peryòd tan sa yo:
- Si yon dèle ta ogmante risk pou sante ou anpil, n ap pran yon desizyon nan 48 èdtan apre nou resevwa enfòmasyon ki nesesè yo.
- Pou tout lòt kalite doleyans yo, n ap fè ou konnen desizyon nou nan 45 jou apre nou resevwa enfòmasyon ki nesesè yo, men nou dwe fè pwosesis la nan 60 jou apre nou resevwa doleyans lan. Peryòd revizyon an kapab pwolonje jiska 14 jou si ou mande sa oswa si nou bezwen plis enfòmasyon epi si dèle a pi bon pou ou.
Repons nou ap dekri sa nou te jwenn lè nou te revize doleyans ou ak desizyon nou pran sou doleyans ou.
-
Kijan pou mwen fè kontestasyon sou yon doleyans?
-
Si ou pa satisfè avèk desizyon nou pran konsènan doleyans ou, ou ka mande yon dezyèm revizyon sou pwoblèm nan. Pou fè sa, ou dwe fè yon kontestasyon sou doleyans lan. Ou dwe fè yon kontestasyon sou doleyans lan alekri nan 60 jou ouvrab apre nou resevwa premye desizyon nou sou doleyans ou. Depi nou resevwa kontestasyon ou, n ap voye yon lèt ba ou pou fè ou konnen non, adrès ak nimewo telefòn moun nou chwazi pou bay repons pou kontestasyon ou. Se pwofesyonèl apwopriye k ap travay sou kontestasyon sou doleyans yo. Pa egzanp, pwofesyonèl swen sante ki pa konsène nan premye desizyon an ap travay sou doleyans ki gen pou wè ak zafè klinik.
Pou kontestasyon nòmal yo, n ap pran desizyon sou kontestasyon an nan 30 jou ouvrab apre nou resevwa tout enfòmasyon ki nesesè yo. Lè n ap pran desizyon nou si yon dèle ta ogmante risk pou sante ou anpil, n ap itilize pwosesis kontestasyon rapid sou doleyans yo. Pou kontestasyon rapid sou doleyans yo, n ap pran desizyon nou sou doleyans lan nan 2 jou ouvrab apre nou resevwa enfòmasyon ki nesesè yo. Pou kontestasyon nòmal ak kontestasyon rapid sou doleyans yo, n ap ba ou yon avi alekri pou fè ou konnen desizyon nou. Avi a ap gen ladan rezon detaye pou desizyon nou an epi, sizoka se zafè klinik ki konsène, avi a ap gen ladan rezon klinik pou desizyon nou an.
-
Plent nan Eta New York
-
Nenpòt kilè, ou ka kontakte Depatman Sante Eta New York (New York State Department of Health) pou fè yon plent.
Telefòn
1-866-712-7197Adrès
NYS Department of Health
Bureau of Managed Long Term Care
Complaint Unit Room 1911
Corning Tower ESP
Albany, NY 12237-0062