Pou Manm yo
Tout moun gen objektif ak swen sante diferan. Nan Aetna Better Health of New York, nou konsantre sou fason pou ede ou reyalize objektif sante pèsonèl ou. Pou fè sa, nou ede asire ou resevwa swen sante ou bezwen an.
Epitou nou konnen swen sante kapab bay konfizyon. Se rezon sa a ki fè n ap ba ou yon manadjè swen sante ak yon ekip jesyon sante pou ede ou avèk bezwen ou.
Rele ekip jestyon swen w nan oswa Sèvis pou Manm nan pou poze kestyon sou benefis ou yo oswa si w bezwen èd pou jwenn yon pwofesyonèl swen sante. Epitou nou ka ede rezoud pwoblèm pou resevwa sèvis swen sante yo. Sèvis pou Manm nan la 24 sou 24, 7 jou sou 7. Nimewo telefòn nan se 1-855-456-9126.
Li enpòtan ke w konprann plan sante w la. Se poutèt sa nou tradi materyèl nou yo. Tout materyèl pou manm nou yo disponib nan lang angle, panyòl, chinwa ak ris. Nou ka ba w enfòmasyon tou nan lòt fòma (egzanp, bray, gwo lèt oswa odyo) oswa lang. Epi nou ofri sèvis entèpretarya, ki gen ladan l langaj siy, gratis pou ou.
Si w bezwen sèvis entèpretasyon, annik rele ekip ki jere swen w oswa Sèvis Manm lan nan 1-855-456-9126. Nou itilize NY Relay 711 pou moun ki gen difikilte pou tande.