Konekte

Anrejistre w pou antre nan sitwèb pou manm nou an ki pèsonalize e sekirize. Ou ka itilize sit la pou jere benefis plan w lan ak satisfè objektif ou fikse pou sante w. Nan sit la ou ka:
• Chanje doktè w
• Chanje enfòmasyon pou yo kontakte w
• Jwenn fòm ou bezwen oswa jwenn nouvo kat idantite manm
• Gade pwòp istorik medikal ou
• Suiv objektif ou fikse pou sante w
• Gade sityasyon reklamasyon w

Enskri jodi a. Li fasil.
Si w pare pou kòmanse itilize zouti sou entènèt san danje sa a, ou ka anrejistre sou entènèt. Oswa ou ka enskri nan telefòn lè w rele Sèvis pou Manm nan sou 1-855-456-9126 (TTY 711).

Koneksyon manm

Pòtay wèb amelyore nou an disponib kounye a; li sekirize e li fasil pou itilize. Pòtay sa a konfòm ak egzijans HIPAA epi li disponib 24 sou 24. Li gen fonksyon ou bezwen yo avèk fasilite pou jwenn enfòmasyon w bezwen pou okipe pasyan w yo. Pami karakteristik ki pi popilè yo, genyen:

  • Koneksyon Inik – Konekte w yon fwa epi mete modpas ou, konsa l ap pèmèt ou navige alèz atravè diferan sistèm yo.
  • Entèfas mobil – Anplis, pou fasilite w, ou ka angaje yon sesyon avèk aparèy mobil ou a.
  • Kontni pèsonalize ak sèvis – Lè w fin konekte w, ou pral jwenn yon paj dakèy ki pèsonalize pou ou. 
  • Aksè a done nan tan reyèl– Dèke yo poste mizajou yo, ou ka wè yo.
  • Fè suivi pi byen – Ou ka konnen tousuit sityasyon chak reklamasyon ak demann medikal Asistan Doktè yo (PA) fè.
  • Referans elektwonik – Pa sèvi ak papye ankò. Refere pasyan w yo bay espesyalis anrejistre pa mwayen elektwonik epi kominike antout sekirite ak pwofesyonèl swen sante a. 
  • Otorizasyon Otomatik – Li posib pou yo ba ou otorizasyon otomatik pou sa w ap mande a, toudepann de tip otorizasyon an ak kote yo bay sèvis la.
  • Rezime detaye – Ou ka fasilman jwenn detay sou rezon ki fè yo pa aksepte yon reklamasyon oswa yon demann Asistan Doktè (PA) fè.
  • Enfòmasyon amelyore – Analize, suiv epi amelyore sèvis ak pwosesis yo.

Enfòmasyon Swen Mwen/Swen Manm (My Care/Member Care)
Ak Enfòmasyon Swen Manm (Member Care), ou ka konekte w ak pasyan w yo e ak ekip k ap ba yo swen an, imedyatman. Pòtay sekirize sou entènèt sa a bay pwofesyonèl swen sante prensipal Aetna Better Health of New York zouti yo bezwen pou ede yo bay pasyan swen. Ou gen aksè nan:

  • Yon lis an tan reyèl pou pasyan w yo
  • Pwofil klinik pasyan yo
  • Lakinn nan swen sante pou pasyan yo
  • Enfòmasyon sou pratik ou

Pou ka gen aksè nan dosye pasyan w nan Enfòmasyon Swen Manm (Member Care Information), chak pasyan fèt pou l ranpli yon fòm otorizasyon pou manm. Yon fwa yo fin anrejistre, pasyan yo tou gen pwòp pòtay pou swen yo, li rele Enfòmasyon Swen Mwen (My Care Information).

Si w bezwen plis enfòmasyon, kontakte Sèvis Pwofesyonèl Swen Sante (Provider Services) nan 1-855-456-9126.

Anrejistre w pou antre nan pòtay wèb sekirize a.
Konekte w nan pòtay wèb sekirize a.