Deklarasyon Legal

Avètisman
Nou bay enfòmasyon sou sitwèb sa a “JAN LI YE A” san okenn garanti, swa fòmèl oswa enfòmèl, tankou, men pa sèlman, garanti enfòmèl pou valè machann, adaptasyon pou yon objektif patikilye, oswa non-vyolasyon. Kèk jiridiksyon pa aksepte esklizyon garanti enfòmèl yo, poutèt sa eksklizyon ki endike anwo a ka pa aplike pou ou. Done ki endike la a se pou rezon enfòmasyon sèlman, epi nou pa bay garanti ki endike enfòmasyon yo pa gen erè. Tanpri sonje depi ou soti nan sitwèb sa a, swa lè ou itilize yon lyen nou te ka bay pou itilize ou oswa lè ou endike nan ki lòt sitwèb ou vle ale, Aetna p ap aksepte responsablite pou kontni, pwodui ak/oswa sèvis yo bay nan sitwèb sa yo ki pa gen pou wè ak Aetna. Aetna pa ni kontwole, ni apwouve, ni sipòte, ni gen okenn afilyasyon avèk nenpòt lòt sitwèb, sof si sa endike yon fason espesyal.

LIMIT RESPONSABLITE
NAN OKENN KA, AETNA PA GEN RESPONSABLITE POU OKENN MOUN KI KONSÈNE POU NENPÒT DOMAJ DIRÈK, ENDIRÈK OSWA LÒT DOMAJ KI GEN KONSEKANS AKÒZ ITILIZASYON SITWÈB SA A, OSWA NENPÒT LÒT SITWÈB IPÈTÈKS, TANKOU, SAN LIMIT, NENPÒT PWOFI OU PÈDI, SISPANSYON BIZNIS, PÈT PWOGRAM OSWA DONE NAN EKIPMAN OU, OSWA, MENMSI NOU BA OU KONSÈY ESPESYAL SOU POSIBLITE OSWA PWOBABILITE POU GEN DOMAJ KONSA.

Chanjman nan sitwèb sa a
Nou ka chanje oswa modifye enfòmasyon yo san nou pa bay avi pou sa. Aetna pa gen obligasyon pou modifye enfòmasyon ki prezante sou sitwèb sa a, poutèt sa enfòmasyon ki endike nan sitwèb la ka pase dat nan nenpòt lè. Aetna ka fè amelyorasyon ak/oswa chanjman tou nan pwodui ak/oswa pwogram ki dekri nan enfòmasyon sa yo nenpòt kilè san okenn avi.

Sèvis ki garanti
Nou bay sèvis ki garanti yo ak avantaj prefere yo anba kondisyon Kontra Medicaid, tankou limit ak eksklizyon yo.

Mak Komèsyal
Logo Aetna ak tout lòt mak komèsyal yo, mak sèvis yo, non komèsyal yo, logo yo, non domèn yo, URL yo ak ikòn yo (“Mak”) ki parèt sou sitwèb sa a, kit yo anrejistre kit yo pa anrejistre, se pwopriyete Aetna Inc. oswa pwopriyetè yo chak apa. Pa gen anyen nan sitwèb sa a ki garanti ou gen nenpòt dwa oswa lisans pou itilize nenpòt nan Mak yo ki sou sitwèb sa a san pèmisyon fòmèl ekri Aetna Inc. oswa pwopriyetè endepandan Mak yo. Itilizasyon san otorizasyon ka vyole lwa sou mak komèsyal la ak lòt lwa yo.

Pa yon solisitasyon
Pa gen anyen nan sitwèb sa a ou ta dwe konsidere kòm yon solisitasyon oswa òf pou achte pwoteksyon nan Aetna oswa nan nenpòt konpayi afilye li yo.

Pa yon ranplasan pou swen sante pwofesyonèl oswa pou konsèy sou swen sante pwofesyonèl
Enfòmasyon sou sante ki nan sitwèb sa a se enfòmasyon ki jeneral epi yo pa ranplase swen sante pwofesyonèl. Yo pa la pou ranplase konsèy pwofesyonèl swen sante yo. Si ou gen bezwen sante espesyal, oswa pou jwenn enfòmasyon konplè sou sante, tanpri wè yon doktè oswa lòt pwofesyonèl swen sante.