Sante Fanm

Tchekòp fanm ki an sante

Aetna Better Health vle pou ou rete an sante. Youn nan pi bon fason ou kapab rete an sante se pwograme yon tchekòp pou fanm ki an sante.

Tchekòp fanm ki an sante yo se avantaj ki garanti pou manm yo. Pandan tchekòp sa a, pwofesyonèl swen sante ou ap fè yon:

  • Depistaj kansè matris (Fwoti vajinal) pou tcheke kansè matris
  • Egzamen tete pou tcheke kansè tete
  • Tès pou Klamidya

Ou ka pa gen okenn siy oswa sentòm pwoblèm sa yo. Lè cyon fanm fè yon bilan sante chak ane sa ka ede l detekte pwoblèm yo bonè, anvan yo vin difisil pou trete. Sante yon fanm ka chanje rapidman. Se poutèt sa li enpòtan pou yon fanm fè yon bilan sante chak ane.

Ou kapab rele pwofesyonèl sante premye swen (PCP) ou pou pwograme yon tchekòp fanm ki an sante, oswa ou ka rele yon Obstetrisyen/Jinekològ. Ou pa bezwen yon referans. Nou gen Obstetrisyen/Jinekològ ki disponib pou gason ak fanm. Fè rechèch sou entènèt nan sitwèb Jwenn yon Pwofesyonèl Swen Sante.

Asire ou pase yon ane an sante. Pwograme yon tchekòp fanm ki an sante jodi a.

Resous enpòtan sou sitwèb