Sante Gason

Si ou pare pou viv lavi ou avèk kè kontan ak an sante, Aetna Better Health la pou ede ou.

Kòmanse avèk swen sante prevantif.. Sonje pou manje sa ki gen anpil eleman nitritif, pou fè egzèsis fizi, pou kenbe yon gwosè ki bon pou sante ou, pou pa fimen, epitou pou bwè alkòl yon fason modere (si se pa pou pa ta bwè ditou).

Tchekòp regilye se kle tou pou rete an sante. Kèlkeswa laj ou genyen, pale avèk doktè ou si ou gen nenpòt sentòm oswa si ou pa santi ou byen.

Gen tès pou detekte sèten maladi tankou kansè ak maladi kè. Pale avèk doktè ou sou faktè risk pou maladi sa yo. Faktè risk yo gen ladan bagay tankou istwa fanmi ak abitid mòdvi ou chak jou. Doktè ou kapab ede ou deside si ou ta dwe teste pi bonè pase laj ki rekòmande a.

Epitou sonje, toujou gen iminizasyon ou bezwen resevwa:            

  • Vaksen kont Tetanòs-Difteri (Td) oswa Tetanòs, Difteri ak Koklich (Tdap) nesesè chak 10 zan.
  • Vaksen kont zona (pou nenpòt moun ki gen plis pase 60 tan) nesesè yon fwa menmsi ou te gen zona.
  • Vaksen kont nemoni, pou pifò moun, nesesè yon sèl fwa sèlman.
  • Pran vaksen kont Influenza (vaksen grip la) chak ane, sitou si ou gen yon maladi kwonik.

Resous