Evite Tonbe

Prevansyon tonbe gendwa pa sanble yon sijè ki enteresan men li enpòtan. Lè w ap vin granmoun, chanjman fizik ak pwoblèm medikal sante - epi pafwa medikaman ou itilize pou trete pwoblèm medikal sa yo - rann li pi fasil pou tonbe. An reyalite, pi gwo bagay ki lakòz moun ki pi aje pran chòk se tonbe. Malgre sa, ou pa bezwen kite zafè pè pou tonbe dirije vi ou. Konsidere sis estrateji senp pou evite pito. Klike sou lyen sa a pou gade yo.

Sis konsèy pou evite tonbe

Pran yon randevou ak doktè ou pou kòmanse plan pou evite tonbe ou a. Mete ou pre pou reponn kesyon tankou:

  • Ki medikaman w ap pran? Fè yon lis medikaman sou preskripsyon ak medikaman ou pa bezwen preskripsyon pou achte ansanm ak sipleman, oswa pote yo nan randevou a. Doktè ou ka revize medikaman yo pou move reyaksyon ak entèraksyon ki ka ogmante risk pou ou tonbe. Pou ede ou evite tonbe, doktè ou ka konsidere ranplase sèten medikaman ak lòt ki gen mwens risk pou fè ou tonbe.
  • Èske ou te tonbe deja? Ekri detay yo, tankou kilè, ki kote, ak kijan ou te tonbe. Mete pou pare pou diskite lè ou te manke tonbe mwen yon moun ki kenbe ou oswa ou te jwenn mwayen kenbe yon bagay atan. Kalite detay sa yo kapab ede doktè ou idantifye estrateji espesifik pou evite tonbe.
  • Èske pwoblèm medikal sante ou ka fè tonbe? Sèten maladi nan zye ak zòrèy ka ogmante risk ou pou tonbe. Mete ou pre pou diskite pwoblèm medikal sante ou ak si ou santi ou konfòtab lè w ap mache - pa egzanp, èske ou sante okenn toudisman, doulè nan jwenti, angoudisman oswa souf kout lè w ap mache? Doktè ou kapab evalye fòs misk ou yo, ekilib ak fason ou mache (mach) ou tou.

Aktivite fizik ka ede ou anpil ak prevansyon tonbe. Ak otorizasyon doktè ou, konsidere aktivite tankou mache, egzèsis nan dlo oswa tay chi - yon egzèsis tou lejè ou fè ti mouvman lan tankou w ap danse. Aktivite sa yo bese risk pou tonbe paske yo amelyore fòs, ekilib, kowòdinasyon, ak fleksibilite.

Si ou evite aktivite fizik paske ou pè pou pa tonbe, di doktè ou sa. Li kapab rekòmande pwogram egzèsis ki gen plis sipèvizyon oswa refere ou kay yon espesyalis tretman ak egzèsis. Espesyalis tretman ak egzèsis yo ka kreye yon pwogram egzèsis pèsonalize ki vize pou amelyore balans, fleksibilite, fòs misk ak mach ou.

Konsidere chanje soulye ou kòm yon pati plan prevansyon tonbe a. Talon kikit, pantouf ak soulye ki gen semèl ki glise ka fè ou glise, kilbite epi tonbe. Sa ka rive si ou mache sèlman ak chosèt nan pye ou. Men sa pou ou fè pito:

  • Fè mezire pye ou, chwa fwa ou al achte soulye, paske nimewo pye ou ka chanje.
  • Achte soulye ki bon pou pye ou, ki solid epi ki pa ka glise.
  • Evite soulye ki gen semèl ki gwo anpil oswa talon ki wo anpil.
  • Chwazi soulye ki gen lasèt nan plas sa ou ka foure nan pye ou, epi toujou lase yo. Si ou gen pwoblèm ak lasèt, eseye soulye ki gen fabrik ou ka tache yo.
  • Si ou se yon fanm ki pa ka jwenn soulye ki laj ase, eseye soulye gason.

Fè yon kout je lakay ou. Salon, kizin, chanm ak kouche, twalèt, koulwa ak mach eskalye yo ka plen ak danje. Pou gen plis sekirite lakay ou:

  • Retire bwat, jounal, kòd elektrik ak kòd telefòn kote ou mache yo.
  • Retire ti tab, kote pou mete magazin ak plant yo kote gen anpil moun k ap pase.
  • Kote tapi ki mal fikse ak kolan de bò, klou, oswa yon apwi ki pa ka glise - sinon retire tapi ki mal fikse lakay ou.
  • Repare planche ak kapèt ki mal fikse touswit.
  • Mete rad, veso, manje ak lòt nesesite kote ki fasil pou pran.
  • Netwaye likid, grès oswa manje ki tonbe touswit.
  • Itilize lasi ki pa fè atè a glise
  • Mete tapi ki pa glise nan benywa oswa douch ou

Kenbe kay ou byen klere pou evite tonbe sou bagay ki difisil pou wè. An plis:

  • Mete limyè ki rele limen pandan lanwit nan chanm a kouche, twalèt ak koulwa.
  • Mete yon lanp yon kote ou ka pran li pandan ou nan kabann ou pou bezwen ou gen nan mitan lanwit la.
  • Kite chemen pou pase pou limen ak etenn limyè ki pa pre kote pou antre nan chanm yo vid. Konsidere chanje bouton tradisyonèl pou limen ak etenn limyè yo ak sa ki klere nan fènwa oswa sa ki limen yo.
  • Limen limyè yo avan ou monte oswa desann mach eskalye yo.
  • Mete flash kote ki fasil pou jwenn an ka ta gen blakawout.

Doktè ou ka rekòmande ou itilize yon baton oswa kad pou ede ou mache djanm. Gen lòt aparèy ki ka ede ou tou. Pa egzanp:

  • Ranp pou kenbe nan tou de bò eskalye yo
  • Kote pou mete pye sou eskalye an bwa ki pa glise
  • Monte kote ou chita sou twalèt la oswa yon kote pou repoze bwa ou
  • Ba soutyen pou douch oswa benywa
  • Yon chèz an plastik solid pou douch oswa benywa a - plis yon douch ou ka kenbe nan men pou benyen pandan ou chita

Sous: Mayo Clinic