Èske se yon ka Ijan?
Kijan ou fè konnen kilè ou bezwen ale nan sal dijans oswa lè li ka tann doktè ou?
Al wè doktè ou oswa ale nan swen ijan si ou:
- Pa gen Medikaman ki rete
- Gen kesyon sou medikaman ou yo
- Gen yon zòrèy fè mal, tous oswa rim
- Gen yon ti kote ki boule, koupe, oswa grafouyen
- Bezwen piki
- Gen yon tous men ou pa gen yon ral
- Bezwen yon sètifika medikal pou travay
Ale nan sal dijans si ou:
- Gen difikilte pou respire
- Gen yon gwo doulè nan pwatrin
- Ap toufe
- Ap senyen anpil
- Vin pa ka deplase oswa pale toudenkou
- Ap dekonpoze (pèdi konesans)
- Frape tèt ou oswa dekonpoze
- Pran nan pwazon
- Koupe oswa boule anpil
- Yon moun oswa yon bèt atake ou
- Fen zo ki kase, oswa yon gwo doulè ak jwenti ki anfle toudenkou
- Ap panse fè tèt ou oswa yon lòt moun mal
- Gen yon kriz opresyon