Poze Mwen 3
Kèk moun pa renmen ale kay doktè. Men menm sa ki pa gen pwoblèm pou ale yo ka gen ti kè sote pandan vizit la. Poukisa? Bon, pou kòmanse, ou gendwa pa santi ou twò byen. Se pou sa menm ou prale kay doktè a. Ou kapab gen sousi pou sante ou epi ou pa pote twòp atansyon sou sa y ap di ou.
Epi tou, doktè yo gen pwòp lang yo. Yo itilize mo nou pa janm tande nan vi nou, epi nou pa konprann sa yo ap di. Men pafwa nou pa di yo nou pa konprann, epi nou kite biwo a ak plis kesyon pase sa nou te gen lè yo te rive a.
Si ou pral kay doktè, se swa paske li lè pou wè egzamen woutin ou oswa ou kwè ou gen yon pwoblèm. Si ou gen yon pwoblèm, ou vle konnen sa li ye ak jan pou jere li. Men kèk konsèy pou ede ou prepare pou pwochen vizit kay doktè ou.
- Ale ak yon kaye oswabwochi Poze Mwen 3 a pou ekri sou li
- Sou yon fèy papye, ekri non tout medikaman ou yo (ansanm ak vitamin ak sipleman ladan) ak konbyen fwa ou pran yo. Ekri dòz yo (miligram) akote chak medikaman tou
- Sou yon lòt paj, ekri twa kesyon sa yo:
- Kisa ki pwoblèm prensipal mwen?
- Kisa mwen bezwen fè?
- Poukisa li enpòtan pou mwen fè sa?
Ekri repons yo doktè a ba ou yo.
Si ou toujou pa konprann repons yo, fè doktè oswa enfimyè a ekri yo pou ou. Mande yo pou eksplike ou yo yon fason ou kapab konprann.
Li kapab yon bon ide tou pou w ale ak yon moun ki kapab ede ou sonje.