Lè w ap Wè yon Doktè
Ou dwe di doktè ou tout sa ou kapab sou sante ou ak fason w ap viv. Konsa, nou tout de ap ka twouve sa ki pwoblèm nan ansanm.
Men kèk konsèy pou ede ou prepare pou vizit kay doktè ou. Konsèy sa yo ka ede ou tou si ou bezwen mennen paran ou kay doktè.
-
Fè yon lis sentòm ou yo
-
- Sa ou santi.
- Kilè li te kòmanse
- Kilè li rive ak kantite tan li dires
- Konbyen fwa li rive
- Kisa ki fè li pi mal oswa miyò
- Kisa li fè ou pa ka fè
-
Fè yon lis TOUT medikaman ou yo
-
- Medikaman sou preskripsyon
- Medikaman ou ka achte san preskripsyon
- Vitamin, remèd fèy oswa sipleman
- Lavman
- Gout pou zye
Kèk doktè renmen wè medikaman epi mande pou ou pote yo. Gen lòt ki pito wè yon lis. Li toujou bon pou gen yon lis nan men ou, an ka yon lòt moun bezwen mennen ou kay doktè.
-
Dòz, kantite fwa, ou pran yo, move reyaksyon
-
- Si ou gen yon lis medikaman, ekri dòz la (mezire li an miligram, w ap jwenn nan boutèy grenn nan), konbyen ou pran ak konbyen fwa ou pran li.
- Pa bliye di doktè a siyon dòz te chanje, oswa si w ap pran yon nouvo medikaman.
- Ekri tout medikaman ou yo oswa pote yo tout. Ou kapab panse kèk medikaman pa enpòtan, men yo enpòtan paske yo bezwen travay ansanm. Epi tou, pafwa yon medikaman ou pran pou yon bagay tankou tèt fè mal kapab bay lòt pwoblèm.
- Ekri nenpòt alèji ou gen ak medikaman ak nenpòt move reyaksyon ou te genyen ak medikaman ou pran yo.
- Ekri ki medikaman ki mache pi byen pou ou.
-
Fè yon lis aktivite ou fè chak jou
-
- Kote ou rete
- Kijan ou fè pou deplase (kondwi, bis, mache)
- Kisa ou manje
- Èske ou dòmi byen
- Bagay ou fè chak jou
- Bagay ou renmen fè
- Si ou fimen, bwè alkòl, pran dwòg epi konbyen, konbyen fwa
- Si ou itilize yon kad pou ede ou mache, baton, aparèy pou ede ou tande oswa nenpòt lòt bagay ki ede ou nan aktivite ou chak jou
-
Fè yon lis nenpòt bagay ki te chanje nan vi ou
-
Èske gen okenn bagay ki te chanje ki fè ou vin tris, estrese, oswa petèt gen anpil kè kontan? Petèt ou te divòse, pèdi kay ou, oswa fè pati yon nouvo gwoup kominotè epi gen nouvo zanmi. Pataje sa ak doktè ou paske chanjman nan vi ou ka afekte sante ou.
-
Fè yon lis nenpòt lòt doktè ou te al wè
-
- Ekri non ak nimewo telefòn doktè a
- Ekri si ou te ale nan sal dijans, kilè ak pou kisa
- Ekri si ou te ale wè yon espesyalis, kilè ak pou kisa
-
Vini ak yo
-
- Kat asirans ou
- Non ak nimewo telefòn lòt doktè ou yo
- Non ak nimewo telefòn famasi ou
- Dosye medikal ou si doktè ou pa genyen yo