Dyabèt
Moun ki fè dyabèt gen twòp sik nan san yo. Si yo pa al chèche tretman, y ap gen gwo pwoblèm sante. San bonjan tretman, moun ki gen dyabèt kapab gen maladi kè, maladi ren, avèg oswa gwo pwoblèm nan pye.
Si ou gen dyabèt, nou ka ede ou jwenn swen ou bezwen an. Kèk moun gen dyabèt lejè oswa modere. Pou kontwole li moun sa yo fè egzèsis, manje bagay ki bon pou lasante, pèdi pwa ak pran medikaman pa bouch. Gen lòt moun ki bezwen pran piki ensilin chak jou. Ensilin ede kò a kraze manje pou enèji. Tout moun ki gen dyabèt dwe ap resevwa swen nan men yon doktè.
N ap ba ou plis enfòmasyon sou jan pou kontwole dyabèt ou a. Kowòdonatè swen ou a ap rele ou pou wè jan li ka ede ou. Kowòdonatè swen an ap aprann ou sou dyabèt epi ede ou pran swen tèt byen. W ap aprann:
- Fason dyabèt afekte kò a
- Kijan li enpòtan pou tcheke sik nan san regilyèman
- Kijan ak kilè pou pran medikaman pou dyabèt
- Kijan pou pran bon swen pye ou
- Kijan li enpòtan pou pran bon swen zye ou
- Kijan po aprann abitid ki bon pou sante pou santi ou miyò