Depresyon

Toujou moun santi yo tris detanzantan, men depresyon pi serye. Depresyon se yon maladi. Li ki ka fè ou santi ou dezespere ak tris. Li ka fè ou pa ka reflechi klè ak aji yon fason apwopriye.

Si ou gen depresyon, nou ka ede ou jwenn swen ou bezwen an. Sentòm ak tretman depresyon diferan pou chak moun. Nou vle ou viv byen, epi li enpòtan anpil pou ou ale kay pwofesyonèl swen sante ou regilyèman pou sentòm depresyon.

Nou gen yon pwogram swen kowòdone pou manm ki gen depresyon yo. Nou ap travay ak ou menm ansanm ak pwofesyonèl swen sante ou a pou ou ka jwenn bonjan tretman ak pou deside si ou gen yon ti kras risk oswa anpil risk pou gen pwoblèm ki gen rapò ak depresyon.

Si depresyon ou a lejè, w ap resevwa enfòmasyon pou ede ou jere depresyon ou a. Si depresyon ou a pi serye, yon kowòdonatè swen ap rele ou pou wè jan li kapab ede ou.  Kowòdonatè swen an ap aprann ou sou depresyon epi ede ou pran swen tèt ou byen.

Li enpòtan pou ou aprann tout sa ou kapab sou depresyon. Pou aprann plis sou pwogram kowòdinasyon maladi a rele Sèvis Manm gratis nan nimewo 1-855-456-9126, TTY/TDD Relè NY 7-1-1.

Èske ou fè depresyon?

Si ou gen omwen twa nan siy sa yo, ou dwe pran yon randevou ak yon doktè. 

  • Tris, emosyonèl oswa ap kriye tout tan
  • Ou pa enterese nan aktivite oswa espò ou gen abitid fè yo
  • Sante ou dezespere
  • Toujou raz, oswa ou pa gen fòs
  • Ou pa vrèman pale ak moun epi ou rete poukont ou
  • Ou pa vrèman renmen tèt ou
  • Ou frajil anpil lè moun refize ou yon bagay oswa ou echwe nan yon bagay
  • Ou pi move pase jan ou te ye avan
  • Ou nan pwoblèm ak zanmi ak fanmi
  • Ou gen tèt fè mal ak vant fè mal souvan
  • Ou pa ale travay oswa p ap travay byen jan ou te konn avan an
  • Pa ka konsantre
  • Manje oswa dòmi anpil fwa plis oswa mwens pase jan ou te konn avan
  • Panse oswa pale sou tiye tèt ou

Sous:

WebMD
NIMH - National Institue of Mental Health
CDC - Center for Disease Control