Opresyon
Opresyon se yon maladi nan poumon. Li afekte vwa respiratwa yo. Vwa respiratwa yo se tib ki pote lè ou respire a antre ak soti nan poumon ou. Lè ou gen opresyon, tib sa yo vin gonfle epi yo fè mal. Epi yo gonfle ak kenbe lè a yon fason pou reyaji ak bagay ki deranje yo.
Opresyon lakòz:
- Ral
- Souf kout
- Doulè nan pwatrin
- Tous (aswè ak gran maten)
Si ou gen opresyon, ou genyen li tout tan. Li pa janm ale. Men w ap gen kriz opresyon sèlman lè yon bagay deranje poumon ou
-
Kisa ki lakòz yon kriz opresyon
-
Bagay ki deklannche kriz opresyon. Diferan moun ki diferan bagay ki deklannche opresyon lakay yo. Chèche konnen pa ou yo pou w ka evite yo. Kèk nan deklanchman moun gen pi souvan se:
-
Fimen
-
Opresyon ak fimen gen menm efè a sou poumon. Yo tou de ka fè vwa respiratwa a gonfle, etwat, epi plen ak flèm. Pa kite yon ti kras espas pou lè ka pase. Si ou fimen epi ou gen opresyon, ou gen plis chans pou fè gwo kriz pi souvan.
-
Rete kote moun k ap fimen
-
Moun k ap fimen kote ou gen menm move konsekans la sou yon moun ki gen opresyon.
-
Akaryen
-
Sa yo se ti bèt w ap jwenn nan prèske tout kay. Men pandan yo pa afekte pifò nan nou, yo ka deklannche kriz opresyon. Pou evite kriz, itilize kouvèti matla ak kouvèti sak zòrye pou akaryen pa vin sou kò ou. Retire nounous nan chanm a kouche ou epi pa kite chanm ou an dezòd. Lave dra ou ak dlo ki cho anpil.
-
Polisyon nan lè deyò a
-
Polisyon ka soti nan faktori, machin ak lòt sous. Veye anons sou kalite lè a epi planifye aktivite ou daprè nivo polisyon nan lè a.
-
Bagay nan ravèt ki bay alèji
-
Bagay ki soti nan ravèt ak poupou yo ki bay alèji. Elimine ravèt lakay ou. Netwaye nenpòt dlo ak manje ki tonbe. Ravèt renmen goute rès manje. Pase aspiratè oswa bale omwen chak de a twa jou. Itilize pyèj oswa jèl pou tiye ravèt yo.
-
Bèt
-
Yon bèt ki gen anpil pwal ka lakòz yon kriz. Pa kite bèt ou ale nan chanm moun ki fè opresyon an. Benyen bèt yo chak semèn epi kite yo deyò mezi li posib. Pase aspiratè ak mòp souvan.
-
Mwazi
-
Mwazi pouse kote ki cho, mouye oswa imid. Lè ou respire oswa touche mwazi oswa ze mwazi sa ka lakòz yon kriz opresyon. Yon klimatizè oswa aparèy ki retire imid nan lè a ka ede ou kenbe kay ou fre ak sèk. Ranje kote dlo ap koule pou evite mwazi pouse dèyè mi yo ak anba panche yo.
-
Lafimen ki soti nan bwa k ap boule oswa zèb
-
Lafimen bwa oswa plant ka gen gaz ak ti moso bagay ki danjere. Lè ou respire lafimen sa a twòp ou ka gen yon kriz opresyon. Si ou kapab, evite boule bwa lakay ou. Rete anndan, si li posib, epi verifye anons sou kalite lè an ka ta gen yon gwo dife.
-
Lòt Deklannchman
-
- Enfeksyon grip oswa larim
- Enfeksyon sinis
- Alèji
- Pwodwi Chimik
- Asid ka deklannche kriz tou.
- Egzèsis fizik
- Kèk medikaman
- Move tan, tankou tanpèt ak gwo imidite
- Respire lè ki frèt ak sèk
- Kèk manje oswa pwodwi yo ajoute nan manje
- Pafen
- Lè ou kriye oswa ri fò sa kapab fè ou respire vit oswa fè yon kriz. Klike sou
- Plan non pan an pi ba a pou plis enfòmasyon sou jan pou enskri.
Tretman opresyon
Se pa tout moun ki gen opresyon k ap pran menm medikaman an. Al kote doktè ou pou medikaman ki apwopriye pou ou a. Medikaman ou pran kapab genyen:
- Ennalatè
- Grenn
- Medikaman ou pran byen vit pou bay soulajman pou kontwole yon kriz
- Medikaman ou pran pandan lontan pou bese kantite kriz yo
Medikaman pou opresyon kapab gen move reyaksyon sou ou, men pifò move reyaksyon yo lejè epi yo pase vit. Poze doktè ou kesyon ou move reyaksyon yo.