Awole
Men kijan pou enskri w:
Si w ta renmen enskri w nan Aetna Better Health, rele nou nan 1-855-456-9126.
Aetna Better Health se yon Plan Medicaid Eta New York (NYS). Pou enskri ou dwe kalifye pou NYS Medicaid oswa ap resevwa NYS Medicaid nan moman an. Enskripsyon ou nan Aetna Better Health p ap afekte Medicare ou. W ap kapab kenbe doktè medikal ou yo, ansanm ak sèvis laboratwa, famasi, ak pou entène lopital Jan Medicare kouvri yo a. Ap gen yon tarif pou sèvis Medicaid pou peye pou sèvis kowòdone yo. Kowòdonatè swen ou ap ede ou kowòdone sèvis sa yo epi reponn nenpòt kesyon ou genyen.
Aetna Better Health pa fè diskriminasyon oswa limite enskripsyon daprè eta sante ou, yon chanjman nan eta sante ou oswa pri sèvis ou bezwen.
Pou enskri:
- Rele nou pou ka pran yon randevou. Swa oumenm oubyen yon lòt moun (paregzanp yon manm fanmi w oswa yon founisè swen sante) ka rele 1-855-456-9126.
- Ekip pèsonèl nou an ap eksplike tout sèvis yo an detay.
- Si ou panse ou kapab vle enskri nan Aetna Better Health, n ap voye youn nan enfimyè evalyasyon pou vizite ou lakay ou. Enfimyè a ap ba w plis enfòmasyon sou swen ak sèvis nou bay yo. Enfimyè a ap ede ou ranpli fòm ki nesesè pou enskri nan plan sante a tou. Fòm genyen ladan yo:
- Otorizasyon pou evalyasyon enfimyè a. Sa ap pèmèt enfimyè a fè otorizasyon ou an.
- Kontra Enskripsyon an. Sa a se yon fòm ou w ap siyen si ou deside enskri nan Aetna Better Health.
- Fòm Enskripsyon an. Sa a se yon fòm kote nou pran enfòmasyon fondamantal sou ou.
- Pandan vizit lakay ou a, enfimyè diplome nou an ap fè yon evalyasyon. Evalyasyon an ap ede nou konnen kalite swen ou bezwen daprè sante ou ak kapasite ou pou fè yon seri aktivite chak jou. Pandan vizit sa a n ap:
- Deside si ou kalifye pou enskri nan pwogram nan
- Gade kay ou pou wè ki èd ou kapab bezwen
- Revize manyèl pou manm nan an detay, ansanm ak dwa ak responsabilite ou yo ladan
- Develope yon pwopozisyon plan swen ak ou menm ansanm ak nenpòt moun ki enplike nan sante ou, tankou fanmi ou
- Revize Anyè Pwofesyonèl Swen Sante a
Si ou enterese enskri epi ou kalifye pou vin yon manm Aetna Better Health, ou menm oswa reprezantan ou an dwe:
- Ranpli aplikasyon enskripsyon an ak aplikasyon Medicaid la, si sa nesesè.
- Siyen Kontra Enskripsyon an.
- Siyen pwopozisyon plan swen an pou montre ou dakò.
N ap voye aplikasyon ou a bay Medicaid Eta New York, si sa nesesè.
N ap revize aplikasyon ou pou Medicaid, epi voye enskripsyon ou nan pwogram Medicaid la bay New York Medicaid Choice, ki se ajans enskripsyon eta a. Administrasyon Resous Imèn Vil New York [New York City Human Resources Administration (NYC HRA)] oswa Depatman Lokal Sèvis Sosyal [Local Department of Social Services (LDSS) nan konte Nassau oswa Suffolk ap deside si ou kalifye pou Medicaid.
Kouvèti asirans Aetna Better Health ou ap valab apatide dat ou enskri nan Aetna Better Health Plan. Ou pa oblije enskri nan Aetna Better Health, se sèlman si w vle. Si w gen kesyon sou plan nou an oswa sou enskripsyon nou an, rele Sèvis Manm lan nan 1-855-456-9126. Kit ou deja enskri kom manm nan Aetna Better Health kit ou poko enskri, ou mèt rele nou.
Si ou se yon nouvo manm Aetna Better Health epi w ap resevwa yon tretman ki te deja kòmanse avan nan men yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo nou ak, ou kapab kontinye ak tretman an pou jiska 90 jou apre jou ou enskri nan Aetna Better Health. Pou kontinye ak tretman an, pwofesyonèl swen sante ou a dwe:
- Aksepte tarif peman Aetna Better Health la (oswa tarif Medicaid Eta New York pou sèt kalite pwofesyonèl swen sante daprè regleman Eta New York)
- Respekte regleman Aetna Better Health yo, ansanm ak asirans kalite ladan
- Patisipe nan pwogram asirans kalite Aetna Better Health la
- Bay Aetna Better Health enfòmasyon medikal sou swen an
Sèvis yo ap kòmanse premye jou mwa apre aplikasyon enskripsyon ou an otorize.