Kalifikasyon
Ou kapab kalifye pou enskri nan Aetna Better Health of New York si ou:
- Gen 21 ane oswa plis
- Rete nan zòn sèvis nou an: Konte Brooklyn, Manhattan, Queens, Nassau ak Suffolk
- Genyen New York Medicaid aktif oswa kalifye pou Medicaid
- Kapab viv lakay ou san danje
- Ap bezwen swen pandan omwen 120 jou lè ou enskri
- Ap gen yon doktè premye swen ki dakò travay ak Aetna Better Health oswa ou dakò pou chanje a yon doktè ki ap travay ak nou. Travay ak doktè premye swen ou vle di li dakò pou ekri kòmand pou sèvis k ap pèmèt ou resevwa swen nan men pwofesyonèl swen sante ki nan rezo nou lè ou enskri epi ou dakò pou itilize rezo nou pou tout sèvis ki kouvri. Ou kapab kontinye al wè nenpòt doktè, famasi, oswa lopital Medicare pou sèvis Aetna Better Health pa kouvri.
Rele kounye a pou pran yon randevou. Youn nan enfimyè diplome nou yo ap vizite ou pou wè si ou kalifye epi diskite sèvis nou yo ak ou.