Vin yon Manm (MLTC)
Vin tounen yon manm
Nou ta renmen ou vin manm nou! Nou konsevwa pwogram ki se Managed Long Term Care pou n ede w ak bezwen espesyal sante w. Nou konnen ki li enpòtan pou ou pou w ta viv kote lide w di w. Enben n ap ede w fè sa. Nou vle ou jwenn swen ki gen bon jan kalite ke ou merite a.
Swen nou an kòmanse ak yon reskonsab swen ki:
- Rankontre ak ou pou revize bezwen ou yo
- Prepare yon pwogram pou ou menm espesyalman
- Ba fanmi ou ak moun k ap ba ou swen sipò
- Ede ou jwenn egzamen sante ak vaksen
- Ba ou sipò pou maladi ki dire lontan, tankou dyabèt oswa opresyon
- Kowòdone sèvis lakay ou ak nan kominote a
Familyarize w ak Aetna Better Health
Aetna Better Health se yon lidè nan zafè swen sante. Sa fè plis ke 30 ane depi n ap travay ak Medicaid. Kounyeya nou desèvi 3 milyon manm Medicaid toupatou nan peyi a.
Si w ta renmen gen plis enfòmasyon sou pwogram Managed Long Term Care (Swen Kontwole Alontèm), annik rele nou nan 1-855-456-9126
Lòt nimewo kontak pou Aetna Better Health MLTC ki enpòtan se:
Griyèf ak Kontestasyon MLTC: 1-855-456-9126
Liy asistans pou Fwòd ak Abi MLTC: 1-855-456-9125
Nou vle tande de ou konsènan bagay ki enpòtan pou ou. Si ou se yon manm, yon moun k ap bay swen oswa yon defansè pou kominote epi ou ta renmen ba nou yon fidbak konsènan pwogram lan, imel nou.