Kiyès nou ye
Aetna Better Health® of New York pral itilize yon apwòch entegre pou administrasyon benefis pou popilasyon ki jwenn Swen Kontwole ak Sèvis ak Sipò Kontwole Alontèm Medicaid yo (Medicaid Managed Care and Managed Long Term Services and Supports).
Nou pral abilite ou menm ak fanmi w, lè nou ba w zouti pou mennen yon vi ki ansante.
Apwòch nou an pa konsantre sou yon pati nan ou sèlman, men sou tout ou menm. Tout bagay ki alantou w afekte sante w: Kote w ap viv. Sa w manje. Fanmi w ak zanmi w. Aktivite w. Laj ou. Emosyon w.
Konekte w ak swen yo
Ou nan mitan tout sa n ap fè. Nou vle konn objektif ou, itilize fòs ou yo epi konprann bezwen w yo. Ou merite bon kalite swen sante. Nou la pou ede w resevwa swen ou bezwen an.
Nou travay avèk fanmi w, moun k ap ba w swen yo, pwofesyonèl swen sante w yo, defansè w yo, kanmarad ou yo ak òganizasyon familyal ak gwoup kominotè ou yo pou ede w atenn pi bon rezilta nan sante.
Nou entegre sante fizik ak konpòtmantal. Nou ede w konekte ak resous yo epi nou ofri sèvis vital pou ba w aksè ak sèvis ou bezwen yo.